Fè
yon Estaj nan RNDDH
RNDDH toujou ouvè pou resevwa moun ki dinamik e
ki gen anpil enèji pou vin jwenn ekip li a nan
travay lap fè pou promouvwa ak pwoteje dwa
fondamantal tout moun an ayiti.
Pou yon moun fè yon estaj nan RNDDH li sipoze
fleksib, dinamik, gen lespri inisyativ e li dwe
konn li ak pale franse oubyen kreyòl. Travay li
nan RNDDH pral depann de aktivite ak bezwen RNDDH
nan moman lap fè estaj la.
Li nesesè pou moun ki
bezwen fè estaj nan RNDDH kapab degaje yo nan
Kreyòl ak Franse.
Si ou enterese pou angaje w nan lit pou dwa moun
nan peyi dayiti epi si ou ta renmen fè yon estaj
nan RNDDH, tanpri, voye dokiman yo ki precise
anba la pou nou nan rnddh@rnddh.org :
yon lèt
byen detaye ki esplike rezon ak motivasyon pou w
vin jwenn ekip NCHR la
yon kopi CV ou
twa (3) non moun ki kapab sèvi kòm
refersans
Si ou gen plis kesyon, kontakte nou.
|